Ansyen komite kòporasyon tribinal Depè Pòdpè a prezante rapò sou jesyon yo bay nouvo komite a

352

02/06/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Me Maxo Noël, ansyen trezorye nan kòporasyon tribinal Depè Pòdpè a, prezante bay nouvèl administrasyon an, yon rapò sou jesyon kòporasyon sila, vandredi 5 fevriye 2021 an.

N’ap sinyale pou ou, Me Mario Thélus, Prezidan ansyèn adminstrasyon an ak sekretè a Msye Auguste Hervé, pat reponn prezan nan kad prezantasyon rapò sila.

Trezorye a, ki li menm tap depoze, soulinye li te ranmase anviwon 8,000 g. Li soulinye depans pou kat fineray pou kèk kòlèg, so ak lank pou kòporasyon an, kaye ki koute anviwon 2,800 g. Sa ki vin rete yon total 5,200 g.

Maxo Noël nan rapò’l la, deklare aprè montan 8.000 g la, li pa janm ranmase yon goud nasyonal kote se Prezidan an ak sekretè a ki jwe wòl trezorye kòporasyon sila.


Pase de 1000g pou rive 2,509 g, dapwè deklarasyon mèt Maxo Noël, enskripsyon moun kap vin entegre kò sa a, pèsòn pa janm konnen nan ki twou kòb sa yo rantre.

Mèt Maxo Noël ki li menm lonje dwèt li byen long sou ansyen kòlèg yo nan tribinal Depè a, Mèt Thélus J. Mario ak Auguste ansyen sekretè a.i, pou koulya twouve yo nan yon lòt kò, kotel soulinye yo kenbe kòb kòporasyon an nan men yo, e pa janm deside bay okenn rapò.

Pou Mèt J. Mario, ansyen Prezidan an, li genyen anviwon 11,000 goud; kanta pou sekretè a, Msye Hervé Auguste, li kenbe 7,700 g, kòporasyon sila anba men li.

Nap soulinye pou ou, Mèt Léonard ki li menm se nouvo Prezidan kòporasyon sila, deside rekipere tout kòb ak byen chè mèt chèmètrès asosyasyon an genyen deyò.

Poze’l kesyon sou kouman lap fè sa, li reponn si aprè delè yo pa rive deside remèt kòb sa yo, ebyen komite a, ap gen pou some ansyèn administrasyon an, nan ka kontrè yap pase nan yon lòt faz.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.