Mono-son Production klotire 2 jounen fòmasyon sou enpòtans pye bwa, ak depanaj fou mekanik, gratis ti cheri nan komin Chansòlm.

677

Anviwon yon senkantèn patisipan bat bwavo lakontantman pou 2 jounen seminè gratis Mono-son Production yo, nan komin Chansòlm, patikilyèman nan sal Pawasyal kay Pè a.

07-22-2023

Chansòlm, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou pwoteje espas vèt yo nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan komin chansòlm, Mono-son Production, òganize 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri nan komin Chansòlm, sòti ayè vandredi 21 jiyè 2023 a, pou rive jounen samdi 22 jiyè a.

Nan kad premyè jounen an, seyans bwase lide yo ta pral fèt sou enpòtans pye bwa yo, kòz, konsekans ak mòd rezolisyon fenomèn debwazman an. Pou sa te rann posib, entèvenan an, Mèt Hyppolite Genson ki te mete aksan sou aspè ekolijik la, ta pral fòme plizyè atelye travay yon mannyè pou te rive depiste fenomèn yo, epi jwenn solisyon ki mache ak yo.

Yon lòt bò, teknisyen Vilcé Mayerd, ta pral klotire 2 jounen fòmasyon an, sou depanaj fou elektrik ak mekanik san konte plizyè recho pwopàn patisipan yo ta pral depane.

Pwomèt yap toujou sansibilize popilasyon an sou espas vèt ki rete yo nan depatman an, pou responsab production an, pwochèn destinasyon yo se pral nan komin Sen-Lwidinò ak nan Jan-Rabèl, nan mwa kap vini la yo.



Comments are closed.