Travay reparasyon cha kanaval yo tanmen nan site Kapwa Lamò a

221

02/02/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Travay reparasyon cha kanaval yo ki twouye yo sou chan aviyasyon an nan vil Pòdpè, tanmen lendi premye fevriye 2021 an, sou lobedyans yon konpayi ki pote non DC Konstriksyon ki sòti nan metwopòl peyi dayiti ki donk nan Pòtoprens.

Yon kanaval k ap gen pou kòmanse nan dat 14-15-16 fevriye k ap vini la a; poutan remak yo montre efektif teknisyen yo pa an gran nonb. Pou yo menm pèsòn pa dwe doute de kalite ak efikasite travay y ap gen pou remèt wè pa wè. Yon kontra yo dwe gentan akite kèk jou avan dewoulman kanaval la.

Malgre teknisyen sa yo pat deside pou okenn jounalis anrejistre yo, men nan dyalòg yo ak korespondan TRibo yo, sa pa anpeche yo deklare fim yo a, abitye bay menm kalite sèvis sa yo nan pòtoprens.

Konsa, divès moun ki t ap gade travay teknisyen sa yo, nan site Kapwa Lamò a pa sispann mete souri sou lèv yo otomatikman y’ap viv demaraj reparasyon cha yo ki kazène depi kèlke semen sou chan avyasyon Pòdpè a avèk konstwiksyon ou platfòm “stand” kanaval la deja ap vale teren.

Pou anpil moun, malgre poko gen bidjè, tèm, ak komite nasyonal pou òganize festivite kanaval yo, sa pa anpeche yo trè optimis sou pwosesis òganizasyon an nan nòdwès.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.