Ajan PNH yo ap chèche tankou chen fou 2 gwo koure ki enplike nan zafè zam ak minisyon ki te sezi nan Dwàn Kap-Ayisyen an.

846

04 – 06 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan peyi Dayiti lage manda rale trennen vini nan dègonn, Wilmane Jean ak Barthol Ensikoni, 2 gwo koure ki enplike ra zo nan gagòt pil zam ak minisyon ki te sòti nan peyi ki deklare tèt li se zanmi Ayiti a, Etazini, nan dat ki te vandredi 05 avril 2024 la.

Dapwè yon sous polisyè sal redaksyon nouvèl TRiboLAND kapab fè konfyans, yonn nan endividi sa yo, Wilmane Jean se ta yon komisyonè nan Dwàn Okap la, ki ta pran malen plezi pyafe nan gwo trafik zam ak minisyon pou voye bay mèt yo ki se Barthol.

Nan moman n ap pale la, 2 gwo koure sa yo deja vòltije gagè e ke pèsòn pako ka retrase kriminèl sangwen sila yo.

Comments are closed.