Yon ajan polis minisipal asasine tèt koupe nan komin Senlwidinò

08 – 02 – 2024
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Yon ajan polis minisipal ki pote non Celesson asasine tèt koupe nan zòn Boudon, 3èm seksyon Degranj Senlwidinò yèswa mèkredi premye dawou 2024 la.
Daprè Tony Joseph ki tap rapòte andetay nan mikwo TRiboLAND, esplike zak asasinay ki fèt sou ajan fòs sekirite minisipal la nan lokalite Lavomi, se yon zak kriminèl. Konsa, Tony lonje dwat jouda sou yon sèten Izmael ki ta responsab lanmò ajan Celesson ki te toujou aktif nan mitan fòs sekirite yo ki pat nan tete lang ak bandi sangwen atravè komin Senlwidinò.
Enfòmasyon yo fè kwè ke Celesson te sispèk Izmael avèk yon bèf san papye ki ta sanble yon vòl nan 6èm seksyon. Konsa, viktim nan ki pat menm ansèvis e ni ame, te oblije akonpanye Izmael ak bèf la pou chèche konnen ki sa ki verite nan deklarasyon Izmael yo ak orijin zanimo a.
Sispèk ke sa kapab vire mal pou li, depi nan wout Izmael pete gro kabwouyay avèk Celesson e menm arive rale manchèt li e koupe tè ajan a e mete van nan vwàl li.
Selon Tony ki se neve viktim nan, kò sanvi Celesson tap byen nan san ak lapli pandan sware a, malgre apèl pou konsta legal ou pwosè vèbal kadav la ki te parèt enposib pandan lanwit lan. Sepandan, aprè konsta Kazèk seksyon an, fanmiy defen an te oblije leve kò a e mete li anndan lakay yo pandan y’ap tann otorite Lameri yo ki kwafe polis minisipal yo fè entèvansyon pa yo.






