2 pwezume trafikan dwòg jwen arestasyon yo nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

1,645

09/11/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Michelet Lapointe ak Edner Rémy se non 2 endividi ke ajan Brigade de lutte contre trafic de stupéfiants BLTS yo arive entèpele apwè ke yo te arive sezi nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, 2,15 kg kokayin jodi samdi 11 septanm 2021 an, dapwè yon sous direksyon Polis Nasyonal Dayiti.

Nan kàd yon operasyon ki pote non, “Maché pran yo”, ajan BLTS yo te pwosede ak arestasyon Edner Rémy ak Michelet Lapointe nan moman yo ta pwàl anbake abò yon vòl avyon pou destinasyon Fort Lauderdale, Etazini.

Konsa, apwè konsta legal yo, 2 pwezume koupab yo te trouve yo gadavu nan DCPJ pou swit legal.

Comments are closed.