Prezidan Ajan egzekitif enterimè komin Bonbadopolis la drese bilan 3 mwa li nan tèt Meri a

227

01/30/21

Bonbadopolis______(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde TRIboLAND, prezidan Ajan egzekitif enterimè komin Bonbadopolis la, Msye Desliens Desilien akonpanye 2 manm li yo: Jeanine Jacques ak Dagil Joseph, drese bilan 3 mwa yo nan tèt Meri Bonbadopolis la.

Ajan egzekitif enterimè , Desliens Desilien nan Bonbadopolis



Prezidan Ajan egzekitif enterimè a, Desliens Desilien deklare, malgre mèg mwayen yo, fè konnen yo rive reyalize kèk ti kichòy kanmenm tankou:

a) Yo te jwenn lari a te sal tankou peny tidan. Nan demach pa yo, yo rive alimante vil Bonbadopolis ak 3 seksyon kominal li yo ak pèl, bourèt pou inisye yon seri entèvansyon sanitè nan lari piblik yo.

b) Yo te remake lapolis nan Komisarya Bonbadopolis te an difikilte pou amize l sitou lè gen match foutbòl. Konsa, yo te oblije depoze yon KANAL_ SAT pou l kapab distrè l san konte machin komisarya ki te anpàn depi yon bon bout tan onivo Pòdepè kote yo rive ranje l ak pwòp mwayen Meri a.

c) Lòt bagay ankò, te gen chofè taksi motosiklèt yo, pou yo pwokire yo lisans, yo te oblije rann yo jis nan vil Jan Rabèl. Jounen jodi a, pa gen sa ankò! Koulya, lisans yo disponib nan vil Bonbadopolis, gras ak demache bò kote komisè polis awondisman Mòl Sen Nikola la.

d) Nan moman n ap pale la, gen travay Meri ap antreprann onivo vil la ki se bouche tout twou yo ki se yon male pandye pou pyeton yo ak chofè taksi moto yo sitou leswa.

Se tout travay sa yo ajans egzekitif enterimè yo, ki gen nan tèt li Desliens Desilien arive reyalize pandan 3 mwa nan vil Bonbadopolis malgre mèg mwayen yo. Yo mande tout sitwayen ki renmen peyi yo, patikilyèman sila yo k ap viv nan vil Bonbadopolis pou yo vin fè yon sèl tèt kole avèk ajan yo yon fason pou devlopman vil yo renmen an vin yon reyalite.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.