Jistis : Sibtiti Komisè Pakè Jakmèl la fè konnen Batonye a ap mare yon konplo pou asasinen – l

1,371

07-23-2022

Jakmèl, Ayiti _____ (TriboLAND) Nan yon konferans Sibtiti Komisè Gouvènman Pakè Jakmèl la, Me Mathurin Royal bay Laprès vandredi 22 jiyè 2022 a, li fè opinyon piblik la konnen pèsekisyon lap sibi anba Batonye Òd Avoka Jakmèl yo, an lokirans Me Marc Dala Joseph. Daprè Sibtiti a, se paske li pran la lwa kòm chwal batay li nan jiridiksyon an, li pa vle antre nan konfyolo ak Batonye a ki fè li pa vle wè-l. SGC fè konnen, Batonye a menm peye bandi pou asasinen – l.

Plan pou asasinen li a planifye ak yo group endividi, ki gen nan li: Richcard Jean Baptiste alias Grenn, Dional Pierre, ak Fanfan ensikoni ki se sekirite Batonye a. Nan mwa me ki sot pase la, Me Marc Dala Joseph (Batonye a) te bay Grenn 75 000 Goud pou te asasinen – l, yon aksyon ke Grenn te refize fè, ki te menm koz SGC a fache kont Grenn.

Mèkredi ki te 20 jiyè, bandan li tal nan yon operasyon ki gen pou wè ak zafè gaz, Batonye a vini an pèsòn ak yon endividi pou fè li menas: “si li kontinye anmede li, lap asasinen – l ak tout pitit li”. Sou vijilans polisye yo, yo te deplase, kèk minit aprè, Richcard, Fanfan ak Grenn parèt e yo di si yo te jwenn SCG a, yo tap krible li ak katouch, deklare SGC a.

SCG Mathurin fè nasyon an, ak kominote entenasyonal la konnen, nenpòt sak rive li se Batonye Avoka Jakmèl yo kap responsab, poutèt li pa vle benyen nan koripsyon ak li.

Comments are closed.