Absans PM Fils-Aimé nan Conferans Entènasyonal sou demokrasi ak gouvènans soulve yon latriye mefyans nan nivo diplomatik

107
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Nan sa ki genyen pou wè avèk patisipasyon PM Didier Fils-Aimé nan dezyèm edisyon Konferans Intènasyonal sou Leta avèk Demokrasi nan peyi Salvadò, li pap asiste tiraj. Okontrè, se minis Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier ki al reprezante chèf Primati a nan gwo sòlòkòtò sila ki genyen pou dewoule apati 16 jiska 17 novanm 2026 la.

Nan gwo rasanbleman sila, anpil dirijan politik, diplomatik ak ekspè sou sa ki genyen pou wè avèk gouvènans, sekirite e devlopman ap prezan. Sepandan, enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND.com ta vle fè kwè ke PM Fils-Aimé oblije fè yon parèy retrè sou patisipasyon li nan konferans Entènasyonal sila, akoz gwo risk ki genyen pou Nayib Bukele pa resevwa li sou baz mefyans, reselè gang ak rezyèz.

Sepandan, minis Jistis delege a, ap genyen pou rankontre avèk monològ li nan moman konferans lan, selon enfòmasyon kap sikile. Toutfwa, akò ant peyi Dayiti avèk Salvadò ki te sinye avèk paraf reprezantan 2 peyi yo devan l’ONU, yon dokiman ki te bay nesans yon kad jiridik ki pou fasilite twoup Sovèlele yo opere anndan peyi Dayiti, kapab fè objè sou diskisyon ant monològ yo.

Antouka, estati e etikèt gang, konivans ou ramifikasyon avèk gang konstitye yon veritab baryè pou machinn diplomatik peyi Dayiti a, kap drive e menm tòchonnen akoz mefyans ak dirijan ki enstitisyonalize mouvman gang lan nan nivo tout nivo peyi a. Konsa, li pa yon mistè pou pèsònn, sèten dirijan entènasyonal vle mete yo dekote, akoz afilyasyon gang yo nan destabilize ou efondre peyi Dayiti. Vwala, se sa ki esplike, operasyon twoup Sovèlele yo pa fèt anba dikta ou lòd oken moun sinon ke anba inikman volonte lame peyi Salvadò.

Share:

Leave a reply