Kreyoline: yon fanm ki gen valè ke tout lòt dapwè Lengwis Regis Patrick Nenfy

0 803

Ayiti nan konstitisyon l li di li gen 2 lang ofisyèl. Eske se yon avantaj pou peyi a oubyen se yon andikap.? Ki rapo ki gen ant lang ak devlopman yon peyi? Nan yon ti pawoli anba tonèl, TRiboLAND te gen opòtinite kesyone Enjenyè e Lengwis Regis Patrick Nenfy (PNR) ki se yonn pami sa yo ki konnen tout lanvè landwat lang kreyòl la an Ayiti.


Triboland: 1- Kisa yon lang ye?

PNR: Yon lang se yon seri siy ki pwòp a yon gwoup moun, ke yo genyen, yo oganize, ki pemet yo devlope kapasite mantal yo, yo reflechi, panse, ak eksprime yo. Sa vle di lang ak sèvo makonnen yon ak lòt e yo gen gwo rapò. Nou te aprann ke lòm se yon animal, sak diferansyel ak lòt yo se larezon. Men se lang nan ki pèmèt ke rezon sa a devlope, posib elatriye.

Triboland: 2- Gen moun ki te konn di kreyòl pa lang paske li pat gen òtograf?

PNR: Lè moun pat ko konn ekri, lang te toujou egziste. Sa nou dwe konprann, pat toujou gen ekriti. Men te toujou gen lang. Lang se yon bagay ou pale. Se menm jan ak yon moun ki egziste ki fèt e ki pat janm gen foto. Eske nap di moun nan pa moun paske li pat janm fè foto. Se pa foto a ki fè moun nan moun. Kit moun nan gen foto, kit li pa gen foto, moun nan rete moun. Se poum di w òtograf la se foto lang lan li ye. Li pa ni plis ni mwens. Map rezime poum diw kit yon lang gen òtograf (foto) kit li pa gen òtograf li rete yon lang.

Triboland: 3- Ayiti gen (2 ) lang, Kreyòl ak Franse, eske se yon bon bagay pou peyi a?

PNR: Nou gen yon sèl lang Ozetazini, Nou gen yon sèl lang an Fwans, Sendomeng ,  Almay, Kiba , LaChinn, elatriye. Sa vle di yon peyi pa oblije gen 2 lang ni poul rich ni poul pòv. Reyalite a sè ke nou genyen yon lang ke 100% Ayisyen pale, ki se kreyol, menm jan Dominiken pale 100% Espanyol, elatriye epi ou gen petèt mwens ke 10% moun ki te al lekòl ki ap fòse pou pale fwanse. Lòt bagay ankò, lang Fwanse a yo bal plis valè pase lang ke tout moun pale a ki se kreyòl. Yon moun ki pale kreyòl al nan yon biwo ak yonn ki eksprime l an Fwanse, yo pa gen menm tretman. Sa rele inegalite! Tou 2 lang yo pa gen menm tretman!

Epi lè wa l lekòl, ou gen anviwon 85% timoun paran yo konn pale Kreyòl selman avè yo epi lè yo rive lekòl; yo jwen tout liv yo an Fwansè. Ann imajine ou al an Almay ou pa konn pale alman epi rive w rive lekòl la, tout liv yo an alman epi yo mande w pou w etidye nan liv yo. Menm si w te moun ki pi entelijan sou latè (malgre mpa rekonèt gen moun ki pi entelijan ke lòt), ou pap konprann anyen. Se pa sot ou sot, ou jis pa pale lang nan!

Triboland : 4- Ki rapo ki gen ant lang ak devlopman yon peyi? Eske yon lang ka anpeche oubyen pèmèt yon peyi devlope?

PNR: Gwosè ekonomi peyi w gwose lang ou. Tout lang yo rele gwo lang yo se paske peyi ki pale yo a gen gwo lajan, sa yo rele peyi devlope a. Gen yon lè se sèl Angletè ki te pale Angle. Gen yon lè se sèl Espay ki te pale Espayol, Menm jan jodi a se sèl Lachinn ki pale chinwa. Se pa paske ou pale yon gwo lang ki ap fe w devlope ou pa. Sen Domeng te youn nan peyi ki pi pòv, li te toujou pale espanyol, Bolivie te youn nan peyi ki pi pov devan Ayiti sou kontinan ameriken an alòs ke yo te toujou pale Espanyol ke w te ka rele youn gwo lang. Menm si pa gen gwo lang vre ak ti lang. Lachinn se sel peyi ki pale chinwa men yo dezyem nan ekonomi mondyal la. Se poum di w se pa lang ou pale kap few yon gwo peyi ou pa. Lang ou ap gwo lang se lè ekonomi peyi w gwo ekonomi. Devlopman yon peyi depann de kalite moun ou gen ladan l, si w gen yon pakèt moun lekòl ak lang franse kokobe se nòmal pou w gen nivo peyi saa.

Sèl rapò yon lang gen ak devlopman se sou plan entènn, sa vle di anndan pwòp peyi a. Ou bezwen yon lang pou w devlope kapasite mantal ke BonDye bay tout moun, ki pou pèmèt ou reflechi, epanouwi, afiche w kòm moun, eksprime w. Sa vle di lang lan se yon mwayen pou w devlope tèt ou, eksprime sa w santi. Sèl lang lasyans rekonèt ki ka pèmèt ou fè sa se lang manman w, menm jan sa fèt nan Etazini, Lafwans, Kanada. Pa gen okenn peyi ki devlope jodia pitit yo pa al lekòl nan lang manman yo.


Ou ka konprann ke nou gen plis pase 200 lane, nou ap itilize fwansè li pa janm pèmèt nou devlope. Si se gwo lang ki tap devlope nou, nou tap devlope lontan. Chodyè pwete pa bouyi pwa sèch! Lang fwanse, olye li devlope nou li,kokobe nou. Mpa kwè gen 1% moun ki al lekòl ki ka pwodwi yon yon refleksyon oganize an fwansè paske se pa lang yo. Lè ou ale nan bakaloreya, le fèt ke yon moun pa konprann sijè a li oblije fè akòdeyon yon fason pou li ka kopye; alòs ke Ti fwansè a pa janm fe sa lekòl, ni Ti ameriken an paske se nan lang yo konprann yo al lekòl. Peyi a bay yon pakèt entèlèktyèl kwachokò, paran gaspiye lajan yo, nan peye lekòl pitit yo, olye lekòl la devlope sèvo yo, fwansè a kokobe yo. Bwèff, si w vle yon moun devlope tèt li e aprann kòm sa dwa pou l vinn yon moun tout bon vre, ki ka rezone byen, pwodwi bon refleksyon e se nan lang li pale a pou w anseye l. Ou pa ka konprann yon mesaj s iw pa pale lang yo eksprime mesaj la. Menm jan sa fèt nan tout peyi ki devlope yo, se nan lang nou pou nou aprann.

Triboland: 5- Gen moun ki di si se sèl kreyòl nou pale nap izole tet nou? Sa w ka reponn yo?

PNR: Nou sot wè pwemye objektif yon lang se devlope kapasite mantal ou, devlope sèvo w, afime w kòm moun, pale ak moun ki ap viv menm kote ave w ki pale menm lang lan etc.. Pwemye objektif yon lang se pa pou w kominike ak etranje. Moun ki la pou kominike ak etranje se diplomat, moun ki pral fè biznis lòt kote. Lè sa yo aprann lang lan paske yo bezwen l. Oubyen yo peye entèpwèt pou sevi yo entèmedyè. Men yo pa oblije tout yon popilasyon aprann yon lang etranje. Yon moun ka aprann kantite lang ke l vle. Men ou pa ka oblije yon moun aprann yon lang. Ou te gen dwa mete lang yo ochwa lekòl la. Moun nan aprann nan lang manman l epi avan l finn lekòl li chwazi youn ou 2 lang etranje, selon volonte l, san w pa fose l. Paske ou bezwen 1 a 5 lane pou w pale yon lang kòm sa dwa. Alòs ke nou fè 14 ane lekòl mete sou tan nan inivesite ou pa rive pale kreyòl.

Lachin devlope e li ekspòte tout pwodwi l yo a letranje. Alòs ke se sèl yo ki pale lang yo a. Se pa paske w pale menm lang ak yon peyi ki fè li kapab fè echanj komèsyal avè w. Echanj ki genyen ant Haiti ak Lafrans ant Echanj ki gen ant Lachinn ak Lafrans ki sa ki plis? Alos ke nou swadizan pale menm lang avè yo!

Triboland : 6- Eske se vre si w pa pale Fwansè sa vle di ou pa konn li vre?

PNR: Si pale Fwanse vle di konn li, ti fransè a ki fèt an Frans lan pat bezwen al lekòl ankò paske li tou konn li. Ti ameriken an ki fèt Ozetazini, ti dominiken an depi l fèt tap chita lakay li e li pat bezwen al pèdi tan l sou ban lekòl.
Reyalite nou gen an Ayiti, yo pa mete yon bon jan metòd pou w aprann yon lang tankou fwanse ou byen angle elatriye. Ou bezwen 1 a 5 lane pou w pale yon lang, alòs ke nou mete 14 lane nou pa pale l. Se yon gaspiyaj! Non sèlman metòd la pa bon, men li fè nou pèdi anpil sèvo paske timoun nan konprann ke l sòt paske metòd yo mete pou yo aprann li lang lan pa bon. Se sa ki fè nou vinn devlope konpleks pa rapò a lang fwanse a. Si tèlman metòd la fè nou pase anpil mizè e li pa pèmèt nou pale l . Donk, nou vinn mete nan tèt nou ke lang Fwanse se yon lang ki difisil. Sak rive kole de mo ladanl yo vinn konprann ke yo se yon ekstratèrès. Alòs ke se pa vre se pa sot li sot. Pa gen moun ki sot ni entelijan. Tout sèvo gen menm kapasite depi w pa fèt ak yon anomali. Koulya sa w vinn genyen kòm reyalite, moun ki rive kole de mo franse a li sèvi ak sa pou l domine ak entimide lòt ki pa rive fè sa a. Epi li pap dakò pou sa chanje paske li bon pou li menm sil pa bon pou 90 % lòt yo. Lang pa vle ki konesans, lang se yon bagay ou leve trape nan kote wap viv la. Kit ou konn li kit ou pa konn li wap trape l.

Triboland: 7- Kisa nou dwe konkli?

PNR: Pa gen lang ki gen valè ke yon lòt lang, odepa. Valè w se valè lang ou! Si w devlope peyi w, lang ou ap vinn gen valè, lap vinn yon “gwo lang.” Nan inik lang pou yon peyi fè edikasyon pitit li, se nan lang pitit li yo pale a. Moun pa aprann nan lang li pa pale, ou li pa pale byen ou lang etranje lel gen lechwa poul ta aprann nan lang li deja pale. Bref lang nou, se idantite nou, lang nou se nou. Pa gen moun kap ba l valè pou nou ke nou menm. Sispann kraze sa nou genyen, sispann detwi sa nou ye. LaFwans pap rejte fwanse pou kreyòl, poukisa nou vle rejte kreyòl nou an pou fwansè. E, Leta dwe pran desizyon pou l fè edikasyon an fèt nan lang manman nou menm jan sa fèt an Fwans, Sendomeng, Etazini elatriye.

Nou vle felisite Triboland ki ap bay kreyòl la jarèt e n’ap felisite tout lòt moun ki ap kontribye pou valorize sèl lang ke nou tout pale a, KREYÒL PALÉ KREYÒL KONPRANN!

Pou plis enfomasyon kontakte: Lengwis Patrick Nenfy Regis nan 305-305-4493; pnregis@gmail.com

Leave A Reply