Yon jèn demwazèl akize kòm moun ki ta touye mari li ak kout kouto nan komin Bonbadopolis.

913


04 – 30 – 2024

Bonbadopolis, Ayiti____(TRiboLAND) Komin Bonbadopolis nan depatman Nòdwès peyi Dayiti leve anba gwo tansyon, sezisman ak konpwès sou tèt jounen madi 30 avril 2024 la, nan kad yon krim ki anrejistre nan rejyon an.


Berlanchise Ensikoni, se non yon jèn demwazèl ki akize kòm kwa li ta asasinen mari li ak kout kouto, sòti nan lanwit 29 pou rive jounen madi 30 avril 2024 la.

Nan moman n’ap pale la, pako gen twòp detay ki bay sou idantite jèn gason ki tonbe a ak prezime asasen an, yon dosye n’ap swiv pou plis detay.



Comments are closed.