Bonbadopolis : 2 pwezime bandi asasinen yon pwofesè e popilasyon an nan pase yo alenfinitif

2,860

Bonbadopolis_____(TRiboLAND) Abitan komin Bonbadopolis touye ak kout wòch e baton 2 prezime bandi ki ta patisipe nan dekapite yon pwofesè lekòl ki pote non Garard Joseph jounen jedi 17 fevriye 2022

Pou yo te kapab pran malere pwofesè a pèlen, yo te rele l sou telefòn pou alète l ke moun debake e yo ap kase lakay li. Nan kouri pote boure, malfwà yo tann yon pyèj jiskaske yo arive touye l anba divès kout kouto.

Lapolis nan komin Bonbadopolis pa pran tan pou te pwosede ak arestasyon 2 pwezime asasen yo ke yo te kondwi nan gadavi komisarya Bonbàd la, zòn Pelisye 2. Sepandan, bonèt pèp souvren pat pran tan pou li te vire lè sitwàyen te oblije antre pran ak tout boulin 2 pwezime kriminèl yo anndan komisarya a.

2 jèn gason pwezime malfektè yo mouri rache, kalonnen anba kout wòch ak baton e kankannen avèk pèlebren nan zòn Pelisye 2, nan Bonbadopolis.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.