Yon fanm japonèz sere kadav manman’l nan yon freezer depi 10 lane

305

01/30/21

Tokyo_______(TRiboLAND) Lapolis lokal nan peyi Japon anonse jodi samdi 30 janvye 2021 an, ke yo kenbe an detansyon Yumi Yoshino 48 lane, paske yo sispèk ke se li ki te kache kò san vi manman’l ke yo jwen yè mèkredi a anndan yon konjelatè depi 10 lane nan yon apatman nan Tokyo.

Yumi ki se presume koupab la deklare bay lapolis ke se akoz li te abite ak manman li e li pat vle soti kite kay la, daprè sa lapwès rapòte. Lokasyon apatman an nan Tokyo te fèt sou non manman Yumi ki te genyen 60 lane lè’l te mouri a, daprè Kyodo News.

Yumi Yoshino te oblije kite apatman an nan mitan mwa janvye a akoz reta nan lwaye a; konsa, se yon moun ki te vin netwaye ki te arive fè dekouvèt la e rapòte’l bay lapolis. Otopsi ki te fèt sou kadav la pat pèmèt yo detèmine kòman manman Yumi te arive mouri.

Comments are closed.