Nòdwès: enstalasyon 4 nouvo jij enstriksyon

222

01/30/21

Pòdpè_______(TRiboLAND) Nan prezans ministè piblik, pati sivil, konsèy defans lan, grefye, isye, jij, lapolis ak divès asistan, yon seremoni te dewoule jounen vandredi 29 janvye 2021 an, nan lide pou resevwa prestasyon sèman 4 nouvo jij enstriksyon ki pwal gen pou travay nan tribinal sivil pòdpè a.

Nouvo jij sa yo se, Me Fresnel Durosier, ansyen titilè nan tribinal depè Pòdpè a, ki ta pral monte jij de syèj. Clauvus Adajuste, jij depè tribinal pòdepè, Andrale Jn- Baptiste, tribinal depè nan komin Chansòl ak Johny Cerizier nan tribinal depè Sen Lwi Dinò.

Seremoni sa a, te predize anba lobedyans Dwayen tribinal sivil Pòdpè a, Mèt Yves Marie Periclès, e ki te jwen asistans Mèt Desravines, ki li menm sèl grenn jij enstriksyon nan tribinal sila.

Seri enstalasyon sa yo vize ogmante efektif jij enstriksyon yo nan nòdwès, kote prizonye yo rete ap kroupi nan prizon san pèsòn pa janm tande yo ki mò ki touye lanperè.

Dwayen tribinal sivil pòdpè a, nan sikonstans lan, mande jistisyab yo, lè yo santi yo leze swa pa yon komisè, yon jij oubyen yon avoka, pa al kache nan yon ti kwen, se pote plent paske pa gen pèsòn moun ki plase sou tèt la lwa. Li mansyone lwa sou koripsyon an, kote li mande pèsòn avoka pa al negosye anba tab ak majistra yo, paske leta peye yo pou sa.

Dwayen an kontinye poul di, li bouke resevwa plent kont komisè ak jij, ki sèlman chita sou fè rakèt nan trete dosye anba tab. Li konseye komisè gouvènman yo, pa trete dosye sivil; twòp moun ap pote plent pou kesyon tè yo komisè yo ap vòlò swa pou bay lòt moun, swa pou fanmi yo.

Yon lòt bò, Dwayen an ankouraje nouvo enstriktè yo kote’l soulinye, tach la fasil men se konsa tou li difisil, li konseye yo travay darach-pye yon mannyè pou kapab diminye to detansyon prevantiv pwolonje a nan nòdwès.

Antouka, pou komisè gouvènman pakè pòdpè a, Mèt Jean Volney Bellamin, seri nominasyon sa yo fèt nan lide pou diminye to detansyon prevantiv pwolonje a nan nodwès. Li pwofite pou’l mande kòlèg li yo, pa fè bak sou kèlkeswa dosye a, paske jij enstriksyon pa konn ni gwo dosye ni ti dosye pou l ankete. Li mande egalman, pou jij yo pa fè tèt yo pase kòm dè bandi menm jan ak paketye yo.

Pou fini, komisè gouvènen an, lanse nan okazyon seremoni saa, yon apèl ak moun nòdwès notaman moun Pòdpè pou yo pa kache moun enkoni lakay yo, paske yo deja lanse yon operasyon zewo tolerans ki pap gen pou jwe ak bandi sangwen yo.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.