Sèvis ONI nan komin Bonbadopolis disparèt kon kout zeklè.

1,151

Sèvis ONI nan komin Bonbadopolis se yon veritab kaskèt chinwa ou asistans fantòm.

03-01-2o23

Bonbadopolis, Ayiti_(TRiboLAND) Abitan kap viv nan komin Bonbadopolis, patikilyèman nan seksyon kominal Plèn Doranj, pèdi dwa idantite yo nan kouri monte e kouri desann, pou retire yon Kat Idantifikasyon Nasyonal.

Sèvis Ofis Nasyonal Idantikasyon kite egziste a, disparèt kon kout zeklè, se deklarasyon, kòdonatè KAZEK 3è seksyon Plèn Doranj lan, Merissaint Eldinor.

Eldinor esplike poul di, 2 ajan ki tap fè kat nan lòt seksyon yo kanpe san pesòn pa founi popilasyon an esplikasyon. Sa ki pi mal la, dapwè manm Kazèk la, yon sèl ajan kite rete e ki tap founi sèvis nan 3è seksyon an, san esplikasyon yo kanpe’l.

Manm Kazèk la nan sans sa a, soulinye difikilte ki genyen sitou bò kote ti granmoun yo, ak andikape yo kap bezwen monte mòn e desann mòn pou yo al chèche sèvis nan sant vil la.

Dekri pwoblèm lap konfwonte nan administrasyonl lan, Merissaint Eldinor di, administrasyon’l lan enkapab fas ak seri defi sa yo epi mande ak otorite yo, fè yon bagay pou dwa Idantifikasyon popilasyon komin Bonbadopolis la respekte.


Comments are closed.