Anthony Barbier kraze yon kite sa: yon gwo kou pou klas politik la

315

01/30/21

Pòtoprens_______(TRiboLAND) Radyo Kiskeya ak tout klas politik la andèy! Anthony Barbier, ansyen secretè jeneral laprezidans sou gouvènman tranzisyon Jocelerme Privert (2016-2017) a, mouri vandredi swa 29 janvye 2021 an nan yon machin nan moman fanmiy li t’ap fè manèv pou transpòte’l lopital.

Oken enfòmasyon pa fè eta de sitiyasyon kovid-19; sepandan, ansyen pwofesè inivèsite Montréal la ta sanble ap fè eksperyans ak yon malèz ki okazyone’l kite sa.

Lanmò san zatann ansyen manm Komisyon Refòm Fonksyon Piblik la, ki egalman mari Direktris Radyo Kiskeya, Liliane Pierre Paul, se yon gwo kou pou klas politik la.

Anthony Barbier te genyen 75 lane. Ke nanm pwofesè Barbier repoze nan lapè!

Comments are closed.