Kowonaviris: Pòtopwens riske tonbe anba yon konfennman dragonyen

0 386

Pòtopwens___(TRiboLAND) 2 jou apwè gouvènman Jovenel- Josph konfime 2 pwemye ka kowonaviris la sou tèritwa nasyonal la, popilasyon an pat pran tan pou manifeste yon panik ki chita sou yon evantyèl konfennman; konsa, moun pat pran tan pou kouri apwovizyone, anplis de sa, liyn machenn long nan ponp esans yo deklenche nan yon kapital fatra ki kapab atire viris kouwònn nan pi byen.

Malgre eta lamantab popilasyon an ki te deja ap fè fas ak yon pwekarite ou ensufizans alimantè, sa pa anpeche enkonsyan komèsan ki gen kle vant popilasyon depi dig dantan pat pran tan pou moute pri pwodwi ijyenik ak pwemye nesesite san kontrent e tèt nèg.

Fas a tout mouvman ravitayman sa yo, konsiyn nasyonal pou anpeche pwopagasyon viris la pa menm manke respekte a 5%. Konsèp distans sosyàl la pa ko makònen ak kotidyen sitwayen yo, konsa absans nòm pwoksimite yo vyole nan tout nivo; san pale sèvis transpò ki se yon veritab kochma e yon antite ki kapab fasilite ekspansyon kowonaviris la pi byen.

Anfen, posibilite pou yon konfennman nan kapital la kapab petèt youn nan zèl kat gouvènnman an pou minimize dram ou dega kowonaviris la kapab pwodwi nan yon Pòtopwens ki deja polye, konjesyone, kwense e bidonvilize.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply