Mételus ak Melissa: Dèy sou dèy

303

09\26\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pandan ke peyi a patikilyèman sèktè kiltirèl la ap plere sou kadav Junior Mételus alyas Master M, yon aktè ayisyen ki fè anpil suksè nan film “Pluie d’Espoir”; yon lòt bò rezo sosyàl yo pa sispan sikile foto yon lòt jèn ayisyèn ki tap benyen nan yon rigòl san ki pote non: Melissa Johanne Laguerre, yon etidyan nan inivèsite Notre Dame d’Haiti (UNDH).

Se yon veritab chòk pou kanmarad promosyon li yo ki endinye yon lòt fwa ankò anba machen enfènal la ki pa sispan etèn souf lajenès anndan peyi a. Mélissa, 29 lane, jèn antreprenè, krible anba bal bandi ki pa idantifyab nan Delma 91 yè vandredi a nan antre biznis li ki se “Pro-Maids”, alòske Mételus, ansyen animate Radio Métropole tap andure yon maladi pou yon bon bout tan, kite peyi a ak anpil dlo nan je e dezespwa!

Comments are closed.