Nasyon reggae a an dèy: chantèz ak konpozitris Cubano-jamaikèn Rita Marley mouri

231

01/09/21

(TRiboLAND) Nouvèl la tonbe tankou yon bonm lòske Asosyasyon ansyen konbatan timoun Zimbabwe yo lage li nan yon kout tweet; sila ke yo rele “Lyon Reggae a”, Rita Marley, fanm pwofèt rasta yo ou lejann Bob Marley, kraze yon kite sa.

Daprè Asosyasyon ansyen konbatan timoun Zimbabwe yo, Rita Marley mouri yè vandredi 8 janvye 2021 an. Koz lanmò a pa revele! “Fanatik mizik reggae yo kriye “Dàm ki djanm lan” ki se ikonn reggae a ke yo konnen kòm Mama Africa Rita Marley.

Vrè non li se Alpharita Constantia Anderson, ke moun konnen sou non Rita Marley, li te marye ak Bob Marley 11 fevriye 1966 e li te vinn yon chantez ki tap reponn kè nan group mizikal la. Yo te genyen 6 timoun ansanm, notamman Cedella, Ziggy, Stephen, Sharon, Stephanie, Serita Stewart Marley. Rita Marley te konvèti nan mouvman Rasta a nan moman Haïlé Selassié tap vizite Kingston, 21 avwil 1966.

Aprè lanmò Bob Marley nan lane 1981, Rita Marley anrejistre kèk albòm sou non li avèk kèk suksè. Li te konn ap fè kè nan chanson Ouelli El Darek pou chantè aljeryen nan mizik raï, Khaled nan albòm ki rele Sahra a.

Nan lane 2004, Rita pibliye yon resi biwografik e oto-biwografik ki titre “No Woman, No Cry”: “My Life with Bob Marley” (Vi mwen avèk Bob Marley), ki ekri avèk kolaborasyon Hettie Jones. Rita te genyen pwòp fondasyon li ki t’ap travay nan objektif pou redwi povwete nan plizyè peyi sou-devlope sou planèt la.

Mama Africa mouri a 74 lane, li te manm gwoup vokal “I Threes”, ki gen ladanl Marcia Griffiths ak Judy Movatt. Kèk ti tan aprè anons lanmò li, fanatik reggae yo pat ka kenbe dlo e yo pat pran tan pou te voye yon lavalas kondòleyans bay fanmiy Marley.

Comments are closed.