Nan peye Liliane P. Paul vizit, Jocelerme Privert pase yon move moman anba bouch yon gwoup militan politik

218

02/03/21

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan moman li t’ap ran Liliane Pierre Paul yon visit kondòleyans aprè lanmò mari jounalis la, Anthony Barbier, ansyen prezidan Dayiti Jocelerme Privert pase nan Jaden Kiskeya yon move moman anba bouch yon gwoup militant politik ki repwoche’l ke se li menm ki bay e ki lage peyi a nan salmanaza sa ak Jovenel Moise.

Militan yo pat ezite lanse yon pakèt mo sal derespektan ak resèlè e detrese yon bò tèt ansyen prezidan osito ke yo te remake machin li nan perimèt Jaden Kiskeya a ki lokalize nan Ri Vilmene, kote ke te genyen yon aktivite politik ki tap dewoule. Militan yo te menm ale pi lwen nan kalonnen machin ansyen lokatè palè nasyonal la ak kout wòch.

Fe militan politik sa yo te finn awoyo e se sa yo bliye yo pat di Privert ki te sanble li te pran nan mera. Yo menm arive rache val kawoutchou machin li. Konsa, se gras ak detachman ajan USGPN yo ki te oblije dispèse avèk gaz lakrimojèn ak bal reyèl foul moun ki te ansèkle machin Privert a. Konsa, finalman yo te eskòte chèf deta a e menm solusyone problèm kawoutchou machin li.

Comments are closed.