Yon lòt dèy ankò: Jij Mimose Janvier mouri

509

Pòtopwens____(TRiboLAND) Kou Dapèl Pòtopwens ap plere lanmò Jij Mimose Janvier ki bay latè do, dapwè konfimasyon pwesidan Association Nationale des Majistrats Haitiens (ANAMAH), Jij Jean Wilner Morin atravè yon nòt li fè sòti maten samdi 13 jwen 2020 an.

Dapwè Jij Morin, Majistrate la te dyabetik e anmenm tan li te soufwi tansyon. Tout semènn sa li tap fè fas ak pwoblèm respiratwa ak yon elevasyon ekstrèm dyabèt la. Li mouri nan lopital Sen Luk apwè konpikasyon respiratwa.

Mèt Janvier te pami pwemye mèyè majistra ki te espesyalize nan konbat krim finansye. Li te egalman yon gwo pilye nan fondasyon asosyasyon ANAMAH. Disparisyon bwit sou kou sa, se yon gwo pèt pou jistis ayisyènn ak peyi a alawonn badè, dapwè Jij Jean Wilner Morin ki tap ekspwime regrè li.

Comments are closed.