Chèf opozisyon an pa sispan ankouraje pweparasyon kanaval nasyonal la nan Nòdwès

324

01/28/21

 Pòdpè_____(TRiboLAND) Chèf opozisyon Pòdpè a msye Paul Elie Faustin ,distribye divès pla manje bay travayè kap travay nan TPTC nan vil Pòdpè, nan lide pou mande yon mache prese nan kad dewoulman travay yo avan 7 fevriye 2021; avèk dout ki plane sou reyalizasyon kanaval la, chèf opozisyon an pwofite e pèsiste pou mande prezidan repiblik la yon lòt fwa ankò “ba yo kanaval la nan nòdwès ”.

Pou chèf opozisyon an, li konsyan genyen anpil travay k’ap fèt sou depatman nòdwès la, men li mande prezidan repiblik la msye Jovenel Moise mache prese prese paske 7 fevriye 2021 fòk li kite pouvwa a.

Yon lòt bò, li kritike prezidan repiblik la, kote l soulinye yo kenbe kanaval la nan men yo, epi yo vle fè moun nòdwès filalang. Li kontinye poul di, pouvwa vin lage 6 dèyè dekapotab cha sou chan aviyasyon an, kote yo panse opozisyon an ta pral bwile yo. Pou Paul Elie, se byen konte mal kalkile; okontrè opozisyon an mete moun ap siveye ekipman sa yo, yon mannyè pou prezidan repiblik la pa di se opozisyon an kifè yo pa òganize kanaval nasyonal la nan nòdwès.


Sepandan, Paul Elie Faustin raple prezidan repiblik la, 25e pwen kite figire nan nòt opozisyon an, kote yo te mande pou jere PME yo, jiskaprezan se wonbè won tisale.Yon kanaval san pye, san tèt, san tit, san bidjè, chèf opozisyon Pòdpè a kontinye ap pase an derizon lòske li pa sispann mande prezidan repiblik la degaje’l pou li “bay moun nòdwès kanaval la”.

Dirijan an, lonje dwèt li byen long sou ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Msye Josué Alusma, kote li mande’l bay bann apye yo 500000 mil goud li kenbe anba men li a; paske se yo kap bourike nan lari a pou bay plezi, lajan ou pa.

Li soulinye tou, pouvwa kap bay zanmi yo kòb pou konstui 30 chanm otèl alòske propriyetè otèl yo paka jwenn yon goud nasyonal. Poze’l kesyon pou konnen kiyès pouvwa a bay kòb pou konstwi chanm otèl yo? li reponn ke li pap fè pèsonalite; sepandan, genyen nan yo ki te pwan pòz pitit Desalin poutan y’al kache nan yon chan bannann jis pou yo te ka jwenn kòb nan men prezidan repiblik la Jovenel Moise.

Antouka, pou chèf opozisyon Pòdpè a, li konseye prezidan repiblik la òganize kanaval la 1-2-3 fevriye 2021, paske 7 fevriye pa pou lokatè palè nasyonal la; wè pa wè li prale li pap ka rete!

Genson Hyppolite



Comments are closed.