Peyi Tonton Sam anonse yap pwolonje TPS la pou ayisyen yo.

1,347

Administrasyon prezidan Joe Biden nan, anonse jounen lendi 05 desanm 2022 a, yap pwolonje TPS la pou imigran ayisyen yo pandan yon peryòd 18 mwa.

Etazini, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou soulaje ayisyen ki rantre ilegal nan peyi blan meriken an, administrasyon prezidan Joe Biden nan, anonse jounen lendi 05 desanm 2022 a, lap pwolonje TPS la pou Ayiti nan yon peryòd 18 mwa, swa sòti nan dat 4 fevriye 2023, pou al bout 3 dawou 2024.

Li enpòtan pou konnen, Ayiti se yonn nan peyi ke administrasyon Joe Biden nan chwazi nan kad TPS sila. Yon ayisyen ki te rive nan peyi blan Meriken an nan dat 6 novanm 2022 a, pral genyen chans aplike pou TPS la.

Comments are closed.