Yon gwo dife pote ale Mache Chatile nan Lewogann

527

01/28/21

Lewogann______(TRiboLAND) Yon gwo dife eklate vè 6:00 è p.m. jodi mèkredi 27 janvye 2021 bwile ra pye tè Mache Chatile, pi gwo mache lokal nan Lewogann.  

Anpil madan sara ki te ozabwa, fè yon seri pèt kapital, espesyàlman sa yo ki te pozisyone nan Wès mache a, toupre Palan an. Sèvis ponpye ki te inefikas te jwenn anpil difikilte pou penetre espas ki tap kankannen an akoz yon latriye ti tonèl. Manèv pou te etènn dife a te konpwomèt avèk mizè rere tankou tonbe anpann ak manke dlo.

Dife a ki ta sanble orijinè divès kwen nan perimèt mache a, ta sanble okazyone akoz yon boukan pèmanan ki toujou ap bwile pou konbat fatra ki achte zònn nan lajan kontan. Li pran plis pase 4 èd tan pou dife a bay payèt ki te enkontwolab.

Antouka, dega yo se men nan machwè: espesyàlman nan mache chabon an; Labatwà, kontenè ak anpil pèpè bataklan bwile tèt nèg. Envèstigasyon yo ap rapouswiv yon mannyè pou detèmine si se men kriminèl ki ta dèyè zàk malonèt yo.

Paralèlman, yon dife kriminèl deklentche nan Jakmèl nan espas ki toujou rezève pou kanaval.

Comments are closed.