Opozisyon nan Nòdwès kraze yon konferans deba konsèy KEP yo tap òganize nan Jan Rabèl

456

05/04/2021

Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Nan yon tèt kole avèk popilasyon Jan Rabèl la, opozisyon Nòdwès la kraze yon konferans deba ke Konsèy Elektoral Pwovizwa a tap inisye nan komin Jan Rabèl jounen madi 4 me 2021 an.

Jan sa te pwevwa, plizyè manm opozisyon Nòdwès la pami yo ou jwen avoka chevrone e konsome tankou Mèt Kelly Dubréus ak Mèt Mertilus Andalasse te enpoze pwezans yo nan konferans deba a. Mèt Andalasse te arive hijack odyans lan kote ke li ta fè lapawoli pale sou po tanbou laverite. Li te rabat pou li di: “Vil Jan Rabèl poko fen delala nèt pou asèpte yon parèy betiz nan figi moun”.

Pi lwen li raple konferansye referandòm lòbèy Jovenel Moise yo ke istorikman plizyè gwo tèt konpetan nan Nòdwès te patisipe nan yon seri demach konstitisyonèl ou istorik. “Selon atik 284.3 ak 134.2 oken konferansye ki pat jwen benediksyon Lakou Kasasyon pa genyen oken dwà pou vin initye oken lòbèy enkonstitisyonèl nan Nòdwès”. Konsa, konferansye KEP yo te oblije leve kouri san pye yo pa touche ak tè!

“Nap raple, pami sa yo ki te manche yo pou kite vil Pòdpè pou debake nan komin Jan Rabèl pou bat tenèb dèyè konferansye referandòm yo kit e genyen nan tèt li konseyèz Nadia Améde ke yo kalifye de “betiz”, Mèt Kerly Dubréus deklare ke Jovenel Moise kapab fè tout bagay tankou : vòlè ak kidnape moun, men afè vin enpoze moun ou chanje konstitisyon an nap kanpe an kwa devan tout aktivite ilegal jiska dènye katouch”.

Enel Richards

Comments are closed.