Me ki sa TRiboLAND konnen osijè fineray gro antreprenè Oreste Michel Thervil nan Pòdpè

2,141

10-15-2022

  • Oreste Jean Baptiste te mouri nan maten dimanch 2 oktòb 2022, vè 9:35 nan Lopital Beraka, nan Lapwent Dèpalmis, depatman Nòdwès. Li te mouri anba vyeyès e li te genyen 91 lane.
  • Seremoni finèb antreprenè ou filantropik Oreste Michel Thervil chante maten samdi 15 oktòb la, nan Katedral Imakile Konsepsyon ak yon patisipasyon masiv tout kouch moun nan popilasyon Nòdwès la.
  • APN, CCINO, Antreprenè, Amatè Nowès, komèsan tout plimay, fanmiy afekte, Gro ak Ti Machan, notab, otorite sèvis piblik, Sendika Chofè moto yo, yon bon valè Avoka ak ansyen Delege vil Pòdpè, yo tout fè ak prezans yo nanlide pou di Oreste “ce n’est qu’un au revoir”.
  • Malgre problèm lokomosyon, tout kouch moun fè deplasman pou rann Oreste yon dènye respè.
  • Se pè Nicolas Clerveau ki preside seremoni an; alòske plizyè lòt pè tankou tankou vikè Katedral la, pè Ernest Vezelhomme ak pè Alange Émile Chépa tap asure direksyon sèvis finèb la.
  • Oreste se te yon pitit zantray Nòdwès: yon komèsan ou antreprenè progresis reyisi e enpekab ki te toujou pran akè sityasyon moun nan Nòdwès.
  • Antreprenè Oreste te mete sou pye divès Sant komèsyàl nan Site Kapwà Lamò a; pami yo ou jwen “Supriz” ak “Nèg Gola” (Atik Demele.)
  • Anpil malere ki abitye bwase te toujou rele’l “Papa Bon Kè”.
  • Se yon veritab “KOU” pou tout popilasyon nòdesyènn nan ki te wè nan vizyon ak filozofi imanis Michel Oreste Thervil, yon semans espwà pou yon Nòdwès komèsyalize ou modènize.
  • Ke nanm Oreste repoze nan lapè etènèl nan “Park de la Paix”, nan Mòn Kayo nan vil Pòdpè!
  • Fanmiy Jean Baptiste la nan tèt kole ak yon pakèt lòt voye yon chay remèsiman espesyàl pou tout sa yo ki te ede yo kanpe moralman ou espirityèlman yon moman penib e trajik.

Comments are closed.