Polis Nasyonal la resevwa yon krèy machinn ak motosiklèt bò kote prezidan repiblik la

216

01/20/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Administrasyon Jovenel Moise la remèt Polis Nasyonal la yon latriye machinn ak motosiklèt ki pràl fasilite travay fòs lòd yo nan peyi a.

Yon parèy jès pràl non sèlman pèmèt enstitisyon PNH la ranje chita’l pi byen, men deja mete anpil jwa nan Alatèt enstitisyon an, Léon Charles ki te akote prezidan repiblik la nan moman li t’ap remèt kle veyikil sa yo.  

Daprè, Léon Charles kit e bay yon souri jòn, krèy materyèl say o pràl fasilite kontwòl nan yon seri aks ak zònn estratejik ki pràl voye jete tout yon seri mefyans popilè ak mete men nan kòlèt bandi sangwen k’ap enstitisyonalize krim anndan peyi a. Li pwomèt ke l’ap fè tout sa ki kapab pou li fè izaj ak pwoteje 30 machinn sa yo avèk yon santènn motosiklèt.

Selon minis jistis la, Me Rockfeller Vincent, yon parèy jès montre afinite pouvwa Jovenel Moise la pou kontinye pase men sou do polis nasyonal la egalman demontre volonte gouvènman Moise-Jouthe la pou rann travay vanyan polisye yo pi fasil.

Akote yon krese sere nan bidjè enstitisyon an ke yo konte ranfòse, Rockfeller Vincent pwomèt ke yo prèt pouf è yon seri sakrifis ki pou amelyore kondisyon travay PNH la. Pi lwen minis jistis la, ankouraje polisye yo pou aji avèk fèmte byen djanm yon fason pou restore lapè sosyàl ak sekirite piblik, daprè Alatèt lajistis la ki t’ap depoze.

Comments are closed.