Marc Dumy Joseph alyas “Jeneral Sam Bwè” jwenn arestasyon l.

894

05-26-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon konjwent lajistis ak konplisite lapolis nan jeremi, pwosede ak arestasyon, Marc Dumy alyas “Jeneral Sam Bwè” pou yon latriye zak malfektè ak kriminèl. Otorite yo repwoche “Jeneral Sam Bwè”, kòm moun ki enplike nan vòlè moto, fè bwakaj sou wout aviasyon an ak volè tè sitoyen ak sitoyènn pezib yo nan zonn lan.

Operasyon konjwent lan ak lajistis e lapolis nan Jeremi, fasilite arestasyon malfektè a, aprè ke li te fin resevwa 2 katouch nan janm li. Pou koulya, Jeneral sangwen an ap pran swenyaj nan lopital Sent Antwànn Jeremi; e li sou kontwòl lapolis.

Nan moman entèvansyon otorite yo, anpil manm gang ekip “Jeneral Sam Bwè” yo, tap koule tafya; e anpil ladan yo te gentan chape pou’l yo. Kidonk, brigad polisye a te gentan pran kontwòl Marc Dumy alyas “Jeneral Sam Bwè.

Comments are closed.