Senatè Dumont ankouraje nouvo prezidan ti miyèt sena a pou li redi zòrèy Jovenel pou yon akò politik pasifye

244

01/14/21

Pòtoprens______(TriboLAND) Nan yon lèt ke li adrese a nouvo presidan ti rès Sena a, Joseph Lambert, senate Sidès la, Pierre Patrice Dumont ki se senatè depatman Lwès la, ankouraje nouvo lidè ti miyèt kò a pou antame san rete diskisyon avèk Jovenel Moise sou bout manda konstitisyonèl li.

“Nan yon kontèks ijans ou te deklare ke ou ap rankontre ak prezidan an yon fason pou adrese ijans moman an pou yon akò politik ki kapab mete yon fen nan kriz krizokal sa,” daprè sa senatè Dumont konfime nan yon lèt li te voye bay senatè Lambert ki date 13 janvye 2021.

Anndan lèt sa tou senatè Lwès la ensiste konbyen li enpòtan pou ti rès sena a chita avèk prezidan Jovenel Moise sou atik 143-2 Konstitisyon an ak 239 dekrè electoral 2 màs 2015 yo ki chante libera pou fen manda prezidan an ki se 7 fevriye prochen. Dumont mansyone severite moman an pou ti miyèt sena a byen atikile aksyon yo nan rabat yon akò e trase yon degèpisman tèt frèt pou prezidan an 7 fevriye prochen.

Nap raple, senate Sidès la, Joseph Lambert se pwason kraze nan bouyon ak rejim PHTK a. Li te arive nome kòm prezidan ti miyèt sena a 12 janvye 2021 an.

Comments are closed.