Jovenel Moise adrese nation ayisyèn nan avèk yon levanjil dyalòg

269

10\24\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise nan  “adresse à la Nation” jodi vandredi 23 oktòb 2020 an, reyitere volonte li pou li pou envite e diskite ak plizyè sèktè diferan problèms kap anglouti sosyete ayisyèn nan. “Pa gen anyen ki ka fè nou pran pretèks pou nou pa jwèn yon okazyon pou nou diskite e adopte yon seri desizyon nan enterè nasyon an”, daprè chèf leta a ki tap depoze.

Deside sove peyi; deside mete peyi a sou yon ray modènite nan estabilite; se sèl kondisyon ki kapab sininim chanjman, wout pou kwasans ekonomik, ak kreyasyon richès, wout pou lapè, progrè ak prosperite”, selon Jovenel Moise ki tap rapouswiv.

Jovenel Moise ke anpil moun konsidere kòm dirijan ki gen yon defisyans de konvokasyon an fonksyon de tout yon seri manti ak trik ke li afiche deja, kontinye ap klewonnen dyalòg ak tèt ansanm pou sove yon peyi kap somalize.

Lokatè palè Nasyonal la pwofite bat bwavo ak kontantman pou yon seri opozan ki selon li menm kòmanse ap trese lèl, antre nan bonsans yo e mete santiman “tout pou mwen “ an nan yon kwen yon fason pou poze ak diskite problèm fondamantal peyi a. Li swete wè gen plis moun ki pote boure nan demach sa yo ki deja nan yon faz avanse yon fason pou mete peyi a sou ray devlopman.

Fas ak yon ensekirite santikri kap mete dlo san rete nan je popilasyon an, tankou li toujou fè li, chèf deta a tou senpleman mande otorite konsène yo pou pran dispozisyon adekwàt pou etabli lòd san pèdi tan.

Pou anpil moun, adrès prezidan an pa koresponn ak dimansyon dega kap fèt anndan peyi a. Konsa li pa fè yo ni cho ni fwèt; okontrè pou kèk moun, yo pa ta espere kichòy sinon ke yon seri lingo ki repete deja pou yon milyèm fwa.

Jacob Bendahlam

Comments are closed.