Donald Trump pwofite kèlke èd tan nan dènye gòje manda’l la pou depòte 25 imigran ayisyen

258

01/20/21

Wachennton_____(TRiboLAND) pi gro regrè petèt pou administrasyon Donald Trump lan se pa arive depòte tout imigran ayisyen pandan tout manda kat lane li pase sou pouvwa a nan peyi Etazini.

Konsa, anpil moun pa etone wè chèf deta ki te klase Ayiti kòm peyi mèd la, deside depòte madi ki 19 janvye 2021 an 25 imigran ilegal ayisyen byen lwen lakay. Apeprè 25 imigran ayisyen ki te nan sitiyasyon iregilye sou tèritwà Tonton Sam nan te ateri madi swa nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.

Rapatriman sa ke anpil moun trouve enkonfòtab men ki tradwi santiman prezidan ameriken, Donald Trump ke pèp ameriken depoze nan yon dezyèm manda, te konpoze de 25 moun; pami yo ou jwen 13 gason, 7 fanm ak 5 ti inosan.

Dènye vòl depòtasyon Donald Trump yo pa sèlman vize ayisyen ki t’ap chèche azil, men li gen pou wè tou avèk imigran ilegal jamayiken, gwatemaltèk, ak Moritanyen yon jou avan nouvo gouvènman Joe Biden nan rive nan Kay Blanch lan.

Pandan pandemi kovid-19 sèlman, administrasyon Trump – Pence lan deja efektye 35 vòl depòtasyon nan peyi Dayiti, daprè Jake Johnson, yon wo responsab Sant Ekonomik ak regleman sou rechèch ki toujou ap envèstige kantite vòl depòtasyon ICE yo.

Comments are closed.