Direksyon Depatmantal Polis nan Nòdwès anonse ke li detèmine pou demantle rezo kriminèl yo

3,233

07-02-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis Nòdwès, sou enstriksyon Direktè Jeneral la, asosye l ak Ladwàn ak Pakè Pòdepè, pou travay an ansanm tankou yon task Force depatmantal pou kwape tout menas kriminel ki soti nan peyi etranje pou vin alimante ensekirite nan peyi a.

Se konsa, vandredi 1e jiyè 2022 a, Brigad Siveyans Ladwàn ak Lapolis Nòdwès sezi sou waf Pòdpè ak lakay Edy Lafrance:
120,000 katouch ki te nan 157 kès ki te repati konsa
114,000 katouch 5.56 ki nan 151 kès
“2,000 katouch 9mm ki nan 2 kès
4,000 katouch 7.62 ki nan 4 kès
2 pistolets 9mm
1 revolver kalib 38
30 chajè AK-47
20 Fouro AK-47
3,890 dola ameriken
814,343 goud

Zam ak minisyon ilegal sa yo soti nan Eta Florid (Etazini) yo rantre abò yon bato ki pote non “MISS LILI”

Aprè fouy ki fèt kay Edy Lafrance ki te deja resevwa 7 nan kès katouch yo ak yon drum ki poko rekipere, Lapolis Nòdwès arete Fritz Jean Relus, yon prezime konplis, sou lòd komisè Gouvènman Pòdepè a, Me Michelet Virgile.

Gen avi rechèch kont 3 lòt moun nan dosye sa tankou: Marie Guirlène Estimable ak Wilfrid Estimable ki se 2 moun ki nan trafik zam ak minisyon ant Etazini ak Ayiti. Youn se enpòtatè, lot la se ekspòtatè.
3e moun nan se Edy Lafrance kap antrepoze ak distribye zam ilegal atravè depatman an.

Gen lòt dispozitif ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES ki te aksepte pran responsablite pou transpòte zam ak minisyon ilegal sa yo.



Comments are closed.