Yon machin chavire 4 kawotchou anlè nan Bwagamel nan Karis

1,592

08-11-2022

Karis, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon machin ki tap transpòte chabon chavire nan mòn Man Masèl, zòn Bwagamel nan komin Karis nan depatmman Nòdès peyi a..

Sitiyasyon wout nan atravè peyi a se yon veritab kastèt ki anpil fwà koze aksidan mòtèl e mete dlo nan je popilasyon yo. Konsa, sou wout Bwagamel nan komin Karis, yon machin ki te chaje ak sak chabon, chavire nan mòn Man Masèl .

Sepandan, oken dega pa arive anrejistre sou lavi moun. Daprè yon temwen okilè ki rele Ti Samson, se sèl chofè a ki fè yon ti fwape nan tèt.

 Jn Simon Manex

Comments are closed.