Komisè gouvènman bò kote Pakè Tribinal sivil Premyè Enstans nan Jiridiksyon Nòdwès la entèdi avoka yo gen zàm sou yo anndan Pakè a

199

01/20/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li mete deyò nan dàt 19 janvye 2021 an, Komisè gouvènman bò kote Pakè Tribinal sivil Premyè Enstans nan Jiridiksyon Nòdwès la, Me Bellamin Jean Volney fè piblik la konnen ke li fòmèlman entèdi pou avoka genyen zàm sou yo anndan Pakè a ak Tribinal, amwens ke ou se polisye oubyen ajan sekirite kap bay sèvis nan Palè Jistis la.

Komisè Bellamin rapouswiv pou l di ke responsab yo ap konfiske nenpòt zàm ki pèdi paturaj; e ap remèt li bay otorite PNH yo pou swit nesesè.

Konsa, yon parèy dispozitif deja kreye anpil machwè gonfle nan mitan avoka nòdwès yo ki estime se yon mezi abitrè ke komisè a pran bwid sou kou ki soti pou retire yon miyèt nan chèlbè yo.

Alòske Batonye lòd la bay yon parèy dispozitif benediksyon; li mande pou avoka yo fè apèl ak rezon fas ak fwajilite yon seri espas kote zàm ap panpennen. Yon zàm ki fèt pou sekirite ou nan rezidans pwive’w pa kapab sou ou anndan yon tribinal. “Eske li posib pou yon avoka penetre anndan yon kare komisè ak yon zàm”, daprè batonye lòd la ki mande pou avoka yo resezi yo e fè apèl ak konsyans e bon sans.

Comments are closed.