Konkou pou pòs enspektè: Yon gwoup enspektè nan nòdwès gen bouch louvri ak minis Agénor Cadet

217

12/22/20

Pòtprens____(TRiboLAND) Plis pase yon 20 tèn ansyen direktè lise ki te enstale pou pòs enspektè depi plis pase 5 lane , gen gwo bouch louvri ak minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Agénor Cadet.

Selon enspektè sa yo, minis Cadet mande yo pou yo al patisipe nan yon konkou pou pòs enspektè ke ministè a ap òganize nan lise Pòdepè a ki kòmanse ayè lendi 21 desanm 2020 an e k ap bout madi 22 desanm 2020 an.

Enspektè sa yo ki deja afekte kòm enspektè anndan sistèm nan depi plis pase 5 lane san lèt nominasyon, san touche yon goud Lesko, sèmante 77 fwa 7 fwa, yo pa pral nan oken konkou answit yo pap tolere oken lòt nouvo enspektè vin chita ni nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, ni nan BDS, tout tan minis Pierre Josué Agénor Cadet pa ba yo lèt nominasyon yo answit peye yo fòs kouraj yo.

Nan moman n ap pale la, konkou a ap dewoule nan lise Pòdepè a.. Majorite enspektè sa yo ki se ansyen direktè lise e ki afekte nan sistèm nan depi tanto 5 lane kòm enspektè pa deside lache bay.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.