Nòdwès: Yon joune fòmasyon nan Basen Ble pou plantè yo nan kad batay kont kowonaviris la

524

Basen Ble___(TRiboLAND) Sou inisyativ Direksyon Depatmantal Agwikòl Nòdwès la (DDANO) ak konplisite diferan lòt antite devlopmantal, plis pase yon ventènn plantè nan perimèt irige komenn Basen Ble a te reyini Lendi 25 me 2020 nan Bureau Agricol Communal (BAC) Basen Ble a nan kad sansibilizasyon bò kote asosyasyon irigan yo ak plantè kont kovid-19 la.

Yon joune fòmasyon chaje ki te reponn ak satisfaksyon plantè yo ki tap ekspwime kontantman yo fas ak yon parèy inisyativ ki te reyini tou divès responsab

Konsa, youn nan responsab BAC Basen Ble ak Chansòl, Agwonòm Eloi Josnel, te tou pwofite adrese diferan pwoblèm ke yap fè fas nan bay plantè yo bon jan ankadreman. “Se vre nou fè yon pakèt fòmasyon pou yo; sepandan andikap pou jwenn materyèl ak semans se youn nan pi gwo andikap. E pafwa ou santi pa gen moun kap panse ak sektè sa ki pa gen oken mwayen pou fonksyone”.

Agwonòm Eloi ki felisite direktè depatmantal agwikilti Nòdwès la, Kelly Petido kit e akonpanye fòmatè Doktè Nissage pou yon parèy joune fòmasyon, di ke li swete wè kèk lòt inisyativ kap vize pou asiste plantè yo swa avèk kredi agrikòl ou sibvansyon agrikòl. Anplis, 80% perimèt irige ki sou Basen Ble ak Chansòl yo pap fonksyone. Konsa, agwonòm nan plede an favè ti generatris piti yon ki te kapab ede plantè yo an atandan yo solusyone gwo pwoblèm sistèm ponpaj pou konbat sechrès la.

Anfen, sechrès achte BAC Basen Ble a lajan kontan; peyizan patisipan joune fòmasyon sansibilizasyon pou konbat kovid-19 la se te yon reyisit pou kèk plantè ki pat kache mizè rere yo nan achte pou chape ti semans ariko ke yo mete nan tè kote ke lapli pa tonbe depi plizyè mwa.

Comments are closed.