Pou make Jounen Entènasyonal lajenès nan Jeremi, OCNH realize yon jounen refleksyon.

08 – 12 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make Jounen Entènasyonal Lajenès nan Jeremi nan kad pwojè ” Espas Sivik la, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvèl Ayiti (OCNH), realize an patenarya ak Wo Komisarya Dwa Moun (HCDH) yon jounen refleksyon fòmasyon sou angajman jènn yo nan posesis elektoral yo.
Jenn sila yo kite sòti atravè katòz komin depatman Grandans lan, te travay an atelye e pwan angajman pou enplike yo nan pwan bonjan desizyon pou patisipe nan tout aktivite sosyal politik elektoral jis pou transfòme sosyete Ayisyèn lan. Yon sosyete ke yo reve wè, kote moun kapab viv tankou lòt nasyon yo.
Direktè ekzekitif OCNH an, mèt Carmille Occius ankouraje jènn yo pou asime responsablite yo defason pou pwan gouvènay peyi a.
Nap raple, aktivite sila yo te posib gras ak finansman Fon Nasyonzini pou Konsolidasyon ak Lapè.






