Retou Évalière Beauplan nan Nòdwès, relanse deba sou leadership “VIKTWA” ak politik depatman an

09/20/2026
Nòdwès, Ayiti ______(TRiboLAND) Retou ansyen senatè Évalière Beauplan sou sèn politik la nan depatman Nòdwès la ap fè anpil pale anpil; aprè plizyè rankont li te fè nan jou sila yo nan Pòdpe, chèf lye depatman Nòdwès la, prezans ansyen palmantè a parèt nan yon moman kote aktivite politik yo ap pran yon lòt ritm nan depatman an, sitou ak apwòch eleksyon yo. CEP a, bò kote pa li, anonse yon nouvo delè pou enskripsyon sou entènèt ak depo pyès kandida yo jiska 9 oktòb 2026 k’ap vini la.
Nan kèk rankont, patizan Beauplan yo eksprime apresyasyon yo pou ansyen senatè a, yo konsidere li kòm youn nan pèsonalite politik ki toujou genyen yon baz nan depatman an. Pou kèk nan sipòtè li yo, yon posib kandidati pou Sena a ta kapab chanje dinamik konpetisyon elektoral la. Men, retou li soulve egalman anpil kritik nan mitan kèk lòt pitit Nòdwès, ki raple yon seri pozisyon ak deklarasyon kontwovèse li te pran nan tan pase yo; sitou nan rapò li te genyen ak ansyen prezidan Jovenel Moïse, sitou avèk deklarasyon vide lwil nan lari Pòtopwens, yon aksyon kriminèl ki ta ankouraje petit peyi a fè aksidan nan chèche lavi.
Gen yon lòt gwoup moun ki kalifye retou Beauplan nan gagè politik Nòdwès ke plis yon wont ak desepsyon ki montre a ki pwen yon parèy politisyen trete yon popilasyon ke li panse ki genyen ti memwà. Kidonk, yo vle raple tout tibebe avèk tèt pa dwàt ke se pa sèl ansyen senatè a ki konnen li nan depatman Nòdwès. Yo estime ke se yon vanpir ki deja montre enkonpetans li ase nan fè demagoji odasyezman ak 3 manda. “Vik” pa kapab kouri sou “Twa” apre “Twa” manda!
Antouka, prezans Beauplan ke yo kalifye de yon senatè epwize ou echwe, pa reyalize ke done politik yo reyèlman chanje nan Nòdwès; yo arive chanje se gras ak deriv li, enkonpetans li, nivo vizyon li ki pa koresponn ak pwoblematik depatman fatra ak labou ke li reprezante pandan 3 manda. Farinn nan pa vini nan menm sak. Depatman Nòdwès evolye, selon yon ansyen sipòtè Beauplan nan lokalite Kabarè, Ba Nòdwès. Twa manda nan pasivite, enkonpetans ak deriv reprezantif, se plis ke yon Moveplan san plan!
Se vre, Nòdwès pa genyen dlo ki pou lave li devan pwogrès lòt kote ki genyen senatè ki genyen yon ti kal konsyans, fas ak respè pou elektora ak dinyite popilasyon yo. Men, popilasyon an genyen memwà tout deriv, malvèsasyon, manèv dilatwà ak oratwà ke eli tankou ansyen senatè a akouche pandan gagotay 3 manda grapyay sou do Nòdwès. Kòman bliye yon seri gagòt ou menmiz (luggage trolley cart) resèt ladwann nan Aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture. San pale yon seri eskandal nan yon seri bwat diplomatik ki ta endeske senatè a nan plase manm fanmiy, zanmitay ak reselè politik ou souflantchou nan yon espas diplomatik leta ayisyen yo.
Konsa, kavalye pòlka ansyen senatè Nip la, Nènèl Cassy (ki genyen gwo sanksyon ak sispisyon gang sou tèt li), soulve gwo deba ak plim sou do anpil moun nan popilasyon an. Konsa, pi gwo kesyon kap sikile nan mitan elektora Nòdwès la: ki kalite leadership popilasyon an ap chèche pou pwochen etap politik depatman an?
Pandan plizyè kandida ap prepare teren yo, se elektè yo ki pral gen pou evalye pwogram, bilan, angajman ak kapasite chak aktè politik sou baz enfòmasyon ki disponib. Konsa, Nòdwès pa kapab kontinye ap pran nan “Viktwa Tonton Nwèl” nan pwomote enkonpetans ki kontinye ap pase sou vilnerabilite ak mizè payizan e pwive yo de tout sa ke ou ta kapab jwenn nan lòt depatman nan peyi a.







TRiboLAND network !