Nòdwès: Vag vyolans yo ap rapousuiv, Wilben Marc 19 lane, mouri ponyade

227

01/08/21

Basen Ble_____(TRiboLAND) Marc Wilben, se yon jèn gason 19 lane ki mouri mèkredi 6 janvye 2021 nan aprè midi nan lopital Bon Samaritin, nan Basen Ble, depatman Nòdwès.

Viktim nan trepase aprè li te fin resevwa divès kout ponya anba men Marc Marckenly. Zak kriminèl la sa a pase Laplat-Dugat, lokalite nan Boni, 1è seksyon kominal Basen Ble, depatman Nòdwès, nan lannwit 5 pou louvri 6 janvye 2021 an, daprè ASEC seksyon an, Mondélus Sélicel. Prezume kriminèl la ki se Marc Marckenly arive komèt krim sa a, nan moman viktim nan, Marc Wilben 19 lane, t ap patisipe nan yon aktivite kiltirèl ki konn abitye òganize chak ane nan Laplat-Dugat.


N’ap fè remake, otorite lapolis ak lajistis nan komin Basen Ble ap chèche Marc Marckenly tankou chen fou ki deja mete van nan vwèl li aprè li fin komèt yon parèy zak kriminèl.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.