Jovenel Moise la inogire plizyè sistèm ponp idrolik enèji solè nan Gonaiv

272

12\13\20

Gonaiv______(TriboLAND) Yè samdi 12 desanm 2020 an, Prezidan Jovenel Moise ki te akonpanye minis agrikilti a, Patrix Sévère inogire nan Gonaiv 25 adisyonèl sitèm ponpaj a enèji solè e ki konte fonksyonèl nan mwa sa.

Li inogire notamman yon sitèm ponpaj pou plantè yo nan zòn Ti Dolan, premye seksyon Pon Tamaren; yon lòt ponp AIZ4 nan Basen Desous; yon lòt nan plèn Gonaiv avèk yon lòt ke yo bay lokalite Taras ki te genyen plis pase 4 lane an pann.

Nan entèvansyon ke li te fè nan sikonstans la, chèf leta a deklare ke “Jounen jodia ke dlo se yon faktè enpòtan pou devlopman agrikilti nou an. Konsa, dezòmè peyizan nou yo ap kapab itilize resous agrikòl yo pi byen. Map kontinye bay jarèt sèktè agrikòl la pandan map capitalize sou resous natirèl yo.”

Comments are closed.