Pwezidan konpayi telefonik Digicel nan peyi Dayiti, Maarten Boute bay peyi Etazini responsab kriz katastwofik peyi Dayiti a.

951

03 – 09 – 2024

PDG Digicel la, Maarten Boute, nan yon mesaj li pibliye sou paj X li jodi samdi 9 mas 2024 la, fistije e bay peyi Etazini responsab siyasyon dezastrez peyi Dayiti trouve li jounen jodi a.

Boute ale pi lwen pou li kritike vye politik etranjè peyi Etazini an ki yon veritab dezas. “Etazini dwe rekonèt ke li genyen men li ki tranpe nan kriz kap wonje peyi Dayiti a. Gang yo enplike nan trafik dwòg ki ale jwenn konsomasyon amerikèn nan; e gwo zam fann fwa yo pa sòti lòt kote sinon nan peyi Etazini, e yo miltipliye akoz politik etranjè dezastrez peyi Tonton Sam nan”, dapwè Maarten Boute ki tap depoze.

Li rabat pou li di ke: “Ayiti nan wout pou li efondre totalman. Li lè e li tan pou aji”

Comments are closed.