Monsenyè Willy Romelus rann gouvènman ameriken, kanadyen ak fransè responb kriz nan peyi Dayiti a

517

Pibliye March 25, 2021

Pòtoprens , Jedi 25 mas 2021 (tinouvel.com)

Monseyè willy Romelus sòti nan silans jodia, nan entèview li te bay sou RCH 2000 denonse gouvènman ameriken, kanadyen ak franse kòm veritab koupab kriz sosyo politik Ayiti ap travèse jounen jodia . Vrè responsab krim, kidnapin ,vòl ak koripsyon annayiti se pa ni 2 ni 3 se lentènasyonal la ki kontinye ap soutni akolik li yo annayiti .

Malgre  manda yon moun fini, malgre moun sa a pèdi tout kapasite pou li dirije  gouvènman 3 gwo puisans sa yo toujou kontinye ap soutni pouvwa kowompi sa a pawol Monseyè Romelus pou montre kilpabilite puisans etranje yo.”Se yo ki  koupab ,se yo ki responsab tout bagay kap mal pase  yo sèlman la pou yo defann enterè pesonèl pa yo” e yo kont entere pep la deklarasyon Monseyè nan mikro brase lide sou RCH 2000.

Bondye pale Ayiti pral genyen yon pouvwa “christocentrique ak theocentrique”.

Monseyè Romelus salye inisyativ legliz pwotestan pran pou manifeste pou lavi ak kont diktati epi ankouraje kretyen katolik kontinye mobilize pou sòti ayiti nan move pas yo mete peyi  a.

Monseyè Romelus lanse yon apèl pou unite,”se sèl tèt ansanm kap ede nou chwazi pi bon dirijan paske bondye pwomèt pep ayisyen yon pouvwa “christocentrique ak theocentrique”.kote bondye ak vhris pral nan sant  pouvwa saa. Nouvo dirijan yo pra l gen pouvwa bondye nan li mennen ki pral menmen ayiti sou wout devlopman.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments are closed.