Fòs lòd yo arive mate yon tantativ kidnapping sou Kafou Rita

3,738

05-20-2022

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè yon alèt wouj ki te deklentche sou yon ka kidnapping ki asosye ak yon machin Nissan Exterra koulè blan maten jedi 19 me 2022 a, yon patrouy POLIFRONT pat pran tan pou te deplwòtonnen nan Kafou Rita yon manyè pou te fè fas kare ak bandi sangwen yo.

Konsa, fòs lòd yo arive dejwe plan sansal ame yo; konsa, yo te oblije kraze rak e kite machin nan ki te genyen 3 moun anndan li, pami yo yon ti fiyèt inosan. Deplòtonnaj inite espesyalize tankou BIM, UDMO, SWAT te deja pote ranfò.

Granmesi konsètasyon divès antite sa yo, kidnapè yo te oblije pran lyann e k te dèyè machin nan ak viktim yo.

Comments are closed.