Gouvènman ayisyen an reyaji aprè kominike “Core Groupe” la

303

12\12\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè kominike “Core Groupe” la ki date jodi samdi 12 desanm 2020 an, gouvènman an asyen atravè Premye minis Joseph Jouthe reyaji e di ke li pran nòt de yon parèy deklarasyon.

“Mwen rete kwè ke “Core Groupe” ap kontinye ede nou bras lide sou fason pou kapab mete yon pwen final nan ekzasyon ou proliferasyon group gang ame ki pa sispann terrorize, simen dèy ak ensekirite nan fanmiy ayisyèn yo,” daprè chèf primati a.

Konsa tou, Joseph Jouthe deklare ke fason ke “Core groupe” ki reyini plizyè diplomat gran Toryan, reyaji kreye plis pikankwannan ki anpeche otorite ayisyèn yo bay yon pi bon pèfòmans nan proteje dwa moun e menm mete yon kròk ki anpeche Ayiti jwe wòl li jan sa dwe ye pami tout nasyon.

Nap raple, kominike “Core group” la adrese enkretid li sou yon seri dekrè ke gouvènman ayisyen an ap pran, notamman sou kreyasyon CIA kreyòl la ki se ajans Nasyonal Entelijans lan ki yon tijan sispèk.

Comments are closed.