Van protestasyon nan Tugeau kont kidnapping yon ajan sekirite Anbasad amerikèn

281

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Gwo van protestasyon jodi a nan Tugeau, kont kidnapping yon ajan sekirite Anbasad amerikèn. Barikad an kawoutchou anflame disèt otè jodi 10 desanm 2020 an pou mande liberasyon yon rezidan sou katye Tugeau ke bandi sangwen anlve mèkredi swa ki te 9 desanm 2020 an.

Protestatè yo ki mekontan pou pou sitwayen katye yo ke yo anlve san onè san ti mouchwa, itilize non sèlman barikad anflame, men egalman yo plase ròch nan mitan plizyè rout pou fè pase revandikasyon yo, ki se liberasyon malere ajan sa ki tap fè sekirite nan Anbasad amerikèn nan Pòtoprens.

Daprè deklarasyon sèten protestatè, kidnapè sangwen yo ta mande yon montan 100,000 dola blan meriken pou liberasyon ajan an.

Comments are closed.