Batay la kare: plis pase 270 adisyonèl sòlda batayè peyi Kenya deplòye nan dengonn gang sangwen yo nan peyi Dayiti

01 – 18 – 2025
Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Tankou jan sa te deja anonse, yon lòt kontenjan gason sòlda batayè peyi Kenya arive deplaye nan peyi Dayiti jodi samdi 18 janvye 2025 lan, nan kad ranfòseman batay MMSS la kont gang sansal kriminèl yo ki detèmine pou pa divòse ak pwatik zak vyolans yo nan peyi Dayiti.
Kontenjan polisye batayè peyi Kenya yo, te kite ayewopò Entènasyonal Kenyata, yè vandredi swa e ateri jodi samdi maten an ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti, vè 11: 00 zè, dapwè sa gouvènman Kenya a te anonse.
Antouka, gang sangwen lach yo, ki tap chèche batay nan vare sou yon popilasyon inosan e san defans, batay la kare! Ranfòseman efektif sila, chita plis nan kad pou bay jarèt MMSS la, ki deja ap mete boy nan pwa gang yo, patikilyèman nan depatman Latibonit.







Triboland latortue panj