Aprè 2 jou kidnapping, Johnny Descollines jwen liberasyon

353

10\23\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Ansyen chouchou ou fyète seleksyon nasyonal football peyi Dayiti a, Johnny Descollines jwen liberasyon li devanjou maten vandredi 23 oktòb 2020 vè 1:30 a.m.

Liberasyon devanjou atakan grenadye a te akonpanye 2 lòt moun ke malandren yo te kidnape egalman. Antouka, ranson $500, 000 mil dola ameriken ki te sou tèt zak malonèt sa, rete enkoni.

Monte kidnapping pa sispan kreye tansyon 24/24, alòske chèf gang Ti Lapli pa sispan klewone nan radyo revandikasyon kèk nan zak kidnapping yo nan figi otorite leta yo ki fè prèv initil ak jwèt manje tè.

Comments are closed.