Bandi sangwen ki pa idantifyàb kidnape Mike Bellot, yon sèvo ou yon jèn antreprenè kap fè siksè

316

01/17/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Bandi sangwen yo pa arive idantifye kidnape yè samdi swa16 janvye 2021 an, yon kad trè entelijan e sèl krim ke li komèt se travay avèk tèt li pou li devni yon antreprenè chevrone e remakàb, Mike Bellot, se youn pami kèk ayisyen kap pwodwi e ki te arive jwen benediksyon Forbes Magazine.

Bellot, jèn antreprenè remakàb, chaje ak ide innovative e ki te nome nan lane 2019 kòm endividi ki te pote premye pwi nan Concours Annuel d’Arts Créatifs de SHEKINAH (A.M.I) nan twazyèm edisyon, nan kategori inovasyon ak teknoloji, kidnape e sekestre anba men bandi san fwa.

Yo kidnape’l san oken fòm pwosè. Yon Bellot ki reprezante espwa pou yon pakèt jèn e kap eseye konstwi tèt yo nan mitan yon oseyan dezezpwa nan peyi Dayiti. Bellot, antan ke jèn te arive kreye yon platfòm ki te fasilite entè-aksyon ant diferan manm nan popilasyon kretyèn nan atravè entènèt. Li se egalman Direktè Jeneral Solo Group.

Mike Bellot fè non li apati kreasyon yon sak lekòl ki ekipe ak yon sistèm enèji solè pou ede etidyan yo fè fas ak pwoblèm elektrisite nan peyi a. Sepandan, posiblite ranson bò kote ravisè yo rete sou sispen!

Mike ki se yon inovatè remakàb; pa kapab anba men bandi sangwen ak kòl nan kou jounen jodi a! Popilasyon ayisyèn ap mande pou kriminèl yo lage san pèdi tan yon parèy kad.

Comments are closed.