Nòdwès: Anseyan kap travay nan lekòl Nasyonal Sitèn Rémy nan Bèdeèn kanpe travay

296

12\04\20

Bèdeèn, Pòdpè_____(TRiboLAND) Anseyan k ap travay nan lekòl Nasyonal Sitèn Rémy,1e seksyon kominal Bèdeèn, depatman nòdwes, kanpe travay pou egzije minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet, nome yo ki gen anviwon 5 lane depi yo ap bourike nan lekòl sa a san okenn lèt nominasyon answit san touche yon goud Lesko.

Anseyan sa yo ki di yo pa janm sispann reklame bò kote minis Agénor bonjan mèyè kondisyon travay, deklare toutotan minis lan pa prosede a nominasyon yo, ansuit peye yo fòs kouraj yo, yo pap janm mete pwent pye yo nan klas, paske sak vid pa kanpe.

N ap raple, se pa sèlman anseyan lekòl nasyonal Sitèn Rémy an k ap revandike nominasyon ak pèyman aryere salè yo, genyen tou anseyan PSUGO ak PRONEK yo, nan depatman Nòdwès la, ki nan menm sitiyasyon sa a e ki ale nan menm sans lan tou.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.