Ilavach : Manif pou denonse absans jijdepè ak Lapolis sou zile a

248

12\04\20

Lilavach, Kay_____(TRiboLAND) Plizyè santèn peyizan manifeste sou zile Ilavach la, depatman Sid peyi Dayiti nan jounen jedi 3 desanm 2020 sa a. Objektif manif lan, selon pwotestatè yo, se pou mande CSPJ ak direksyon jeneral PNH la pou gen je louvri sou fonksyónman Lajistis ak mòd travay polisye yo ap remèt sou zile Ilavach.

Manifestan yo, anba yon anbyans gwo kout tanbou te ankòlè akoz absans leta sou ti miyèt tè a. Yo reproche responsab yo pou kadav Godson Bernard ki te oblije leve san konsta legal akoz absans jijdepè ak lapolis parese ki pa vle pran responsablite yo sou zile a.

Konsa, balon an lage nan pye CSPJ ansanm ak direksyon jeneral PNH pou mete jij ak polisye disponib sou zile a ki pou sèvi popilasyon sa a ki livre pou kont li paske ni jijdepè yo, ni lapolis abandone Zile Ilavach pou y al abite lavil.

Pou Jean Michel Fortuné, jijdepè Titilè tribinal depè Ilavach la, se kondisyon yo ki pa reyini ditou pou domi /leve sou zile a. Majistra a rapouswiv pou poze tou pwoblèm mwayen lapolis pa gen ak efektif ki pa sifi pou pèmèt lapolis fè yon travay fèt e founi.

N ap fè remake, se nan dat 26 novanm 2020 pase a, yon gwoup jenn gason touye ak kout pik, kout rach Godson Bernard aprè l te fin genyen yo nan yon jwèt pokè.


Comments are closed.